Sa ki ta sipoze yon bagay tris tounen yon blag. Seleksyon Senmaren an resi fè yon match nil aprè 2 lane ap jwe.
Seleksyon foutbòl Senmaren an rive fè premye match nil yo aprè 2 lane. Ekip sa ki fè dènye viktwa l depi lane 2024 fè premye match nil li sou 2 lane aprè 11 defèt youn kole ak lòt.
Seleksyon sa ki anba kontwòl UEFA a e yo souvan rekonèt li akoz yo toujou ap ridikilize tèt yo sou rezo sosyo yo. Jodi a kont peyi Andò, Senmaren fè premye match nil li aprè 2 lane kote yo te sou 11 defèt youn kole ak lòt.
Seleksyon sa ki gen pou antrenè Roberto Cevoli twouve l nan 210èm klasman FIFA a. Sa ki vle di an bon dènye.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou