FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Lòt

Lòt

2025, lane tout mirak yo nan foutbòl mondyal la

imaj atik la

29 desanm 2025   Steve Pierre   1104

Lane 2025 lan ap rete grave pou tout tan nan listwa foutbòl la. Ant gwo eksplwa seleksyon nasyonal la, pase pran tit istorik an Ewòp ak viktwa klèb yo ki te tann pandan plizyè dizèn lane, ane sa a montre foutbòl la toujou kapab fè enposib tounen reyalite.


Se san dout pi gwo tranbleman espòtif ane a. Seleksyon nasyonal Ayiti a valide tikè li pou Mondyal 2026 la, yon reyalizasyon istorik ki mete tout pèp ayisyen an kanpe. 52 lane aprè bèl avanti 1974 la, drapo ble ak wouj la pral flote ankò sou pi gwo sèn foutbòl Mondyal la.

Grenadye yo, ki te mennen pa yon jenerasyon ki gen kouraj ak detèminasyon, ansanm ak lidèchip solid kapitèn Johny Placide, Duckens Nazon, Danley Jean Jacques, Jean Ricner Bellegarde pou n site sa yo sèlman te fini an tèt gwoup yo a aprè yon viktwa (2-0) kont Nikaragwa nan novanm pase a.

Nan yon kontèks sosyal ak ekonomik difisil pou peyi a, kalifikasyon sa a pote yon vag lajwa san parèy nan tout komin ak nan dyaspora a. Ayiti pa pral nan Koup Dimond lan pou fè wè, men pou montre li merite plas li pami pi bon yo.

Pandan Ayiti t ap selebre, foutbòl ewopeyen an t ap viv pwòp revolisyon pa li. Paris Saint-Germain kraze tout madichon lè li ranpòte Ligue Des Champions an pou premye fwa nan listwa li.

Klèb parizyen an te pote pa yon Ousmane Dembélé transfòme nèt, ki fini lane a an gran, lè li ranpòte Balon dò 2025 la e pwofite antre konsa nan panteyon gran lejann foutbòl la. Se premye fwa fransè a te nan lis 30 balon dò a epi li tou pran l.

Ane mirak la kontinye ak lòt malediksyon ki tonbe tankou :

• Harry Kane ranpòte premye gwo tit li ak Bayern Munich,

• Heung-min Son mennen Tottenham nan premye twòfe li depi 17 lane.

• Crystal Palace menm sezi tout Angletè a ak de (2) tit majè nan menm sezon an.

Sou tout kontinan ewopeyen an, klèb ki te konnen long peryòd soufrans jwenn delivrans yo. Newcastle ranpòte premye twòfe majè li depi 70 lane. Bologne sou bò pa l tounen sou sèn nan ak yon tit li t ap tann depi 51 lane.

Gen seri ki kraze tou, Olympique Marseille fè Vélodrome la eksploze lè li bat PSG lakay li nan Ligue 1 an, yon sèn fanatik yo pa t wè depi 2011.

Mirak 2025 yo pa limite ak Ewòp sèlman. An Ayiti, Juventus des Cayes make listwa lè li te ranpòte Chanpyona Nasyonal Espesyal la, yon prèv foutbòl lokal la toujou vivan malgre tout difikilte yo. Sou kontinan nò-ameriken an, Inter Miami ak Lionel Messi kontinye ekri lejann yo lè yo ranpòte MLS Cup la, pou premye fwa nan listwa yo.

Ane 2025 la raple tout moun poukisa foutbòl se plis pase yon jwèt. Kèlkeswa konbyen tan ou tann, teren an toujou bay verite li. E an 2025, verite sa a se te lespwa, kouraj ak viktwa. Yon lane kote mirak yo pa t yon rèv, men yon reyalite.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou