Premye jounen pleyòf la demare nan gwoup A a. Baltimore SC genyen Racing des Gonaïves 2-0 an deplasman.
Chanpyona nasyonal premye divizyon an ap rapousib wout li. Faz pleyòf yo deja demare ni nan gwoup A a ni nan gwoup B a.
Nan pak Saint Vincent an klèb gonayivyèn lan Racing FC resevwa 4×4 senmakwa yo nan kad premye jounen gwoup A a. Nan match sa bagay yo pa t byen pase ditou pou ekip ki t ap resevwa a. Baltimore SC frete yo ak 2 pataswèl sou pwòp tèren yo.
Depi nan premye mitan an Baltimore SC te gentan mennen 1-0 gras ak jèn atakan yo a Amstrong Leconte. Racing FC fè tout premye mitan an li paka jwenn egalizasyon. Mitan an ta pral fini sou eskò sa nan avantaj 4×4 yo.
Nan dezyèm mitan an, ekip gonayivyèn lan potko ka jwenn fòmil pou tranble filè ekip senmakwa a. Nan 78èm minit Scheneider Joseph fonse klou a pi fon nan pla men Racing FC. Match la fini sou yon eskò 2-0 pou ekip Baltimore SC a.
Baltimore SC pran premye 3 pwen yo nan faz pleyòf chanpyona nasyonal la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou