AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

16 avril 2006 : yon trajedi ki make listwa chanpyona nasyonal la ak Dynamite Athletic Club

imaj atik la

16 avril 2026   Steve Pierre   606

Jounen 16 avril la rete grave nan memwa fanatik foutbòl ayisyen, sitou nan kè tout moun ki gen afeksyon pou Dynamite Athletic Club, yon klèb pwofesyonèl ki te soti nan vil Senmak. Se yon dat ki raple yon gwo trajedi ki te frape ekip la pandan sezon 2006 la chanpyona nasyonal premye divizyon an.


Nan dat 16 avril 2006 sa a, ekip la te viktim yon grav aksidan nan zòn mòn Pilboro, nan depatman Latibonit, pandan yo t ap retounen aprè yon match kont ASC nan kad 7èm jounen chanpyona a. Match sa a te fini sou nòt (0-0) nan Pak St Louis, Katye Morin, kote gadyen an, Labbé Jean Bernard, te briye lè li te kenbe yon penalite Louis Germain te tire pou ASC.

Nan moman aksidan an, Dynamite te nan yon bon pozisyon nan klasman an ak 13 pwen sou 21, sa ki te mete yo pami ekip ki t ap domine chanpyona a.

Malerezman, trajedi a te pote gwo konsekans. Kat moun pèdi lavi yo sou plas : Enock (chofè a), Coach Djas, Frantzy Clermont, ansanm ak Jacklin Hilaire, youn nan pi bon milye teren ekip la. Lanmò yo te plonje fanmi foutbòl la nan yon gwo tristès.

Plizyè lòt moun te blese grav, pami yo:

Yronce Attilus (29 lane), defansè lateral dwat (li te frape nan zepòl ak tibya).

Baston, defansè lateral goch (li te frape nan lestomak).

Labbé Jean Bernard (24 lane), gadyen an (li te foule ).

Hervé Bénêche (22 lane), demi ofansif (li te frape nan cheviy ak anch).

Jr Jean Biehus, atakan (li te frape nan cheviy).

Jumelle Succès, stopè (li te frape nan tèt).

Henri Kerléans, libewo (li te frape nan tèt).

Modiré Joseph, atakan (li te frape nan tèt).

Benissé Coffy, libewo (li te frape fò).

Edzer René, stopè (li te frape nan ren).

Eder Souverain, milye defansif (basen ak zepòl, difisil pou transpòte).

Stephar Riguenson “Candio”, demi goch (difisil pou transpòte).

Pierre Bourcicault (klavikil).

Jean Desgraff, Sekretè Jeneral (basen).

Léonie Innocent, masèz (plizyè blesi, difisil pou transpòte).


San konte lòt moun ki te nan machin nan, tankou Rikenson Stinphard ak plizyè lòt ankò, ki te sibi gwo chòk fizik ak sikolojik.

Plis pase yon senp aksidan, evènman sa te frape dirèkteman kominote foutbòl la nan peyi a. Jiska jounen jodi a, li rete yon rapèl sou risk ak difikilte ekip yo konn fè fas, sitou nan kondisyon deplasman yo.

Nan moman komemorasyon sa a, nou voye kouraj bay tout fanmi viktim yo, ansanm ak tout manm fanmi Dynamite Athletic Club. Nou p ap janm bliye sakrifis ak soufrans yo.

Respè pou tout viktim yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )