Direksyon Manchester United la revoke antrenè pòtigè a Rùben Amorim 14 mwa aprè l te siyen nan tèt klèb la akoz yon move deklarasyon li te fè nan konferans pou laprès aprè match kont Leeds United nan 20èm jounen Premier League la.
Manchester United revoke antrenè pòtigè a maten lendi 5 janvye 2026 la aprè yon move pawòl klèb la ta jije polemik Rùben Amorim te deklare nan konferans pou laprès. Youn nan pwen fò revokasyon sila a se ta kritik antrenè a sou fason direksyon klèb la te jere mèkato ivènal la. Ta sanble Amorim pa t gen bouch gou ak direktè espòtif klèb la Jason Wilcox.
Daprè jounal anglè Sky Sports Ruben te fè yon reyinyon granm maten lendi a sou sitiyasyon sa a ak direksyon klèb la. Aprè reyinyon an klèb la anonse yo revoke antrenè a.
Se ansyen jwè klèb la Darren Fletcher ki pral asire enterim lan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou